Klike sou http://videohall.com/p/519 pou nou vote “Edikasyon san baryè.” Klike sou “Public Choice” ki anba videyo a epi klike sou “Facebook”. Nou an 2èm pozisyon pami plis pase 100 videyo. Nou bezwen plis pase 8.000 vòt jodi vandredi anvan eleksyon fèmen a 11:59PM. Nou ka vote epi pataje an plizyè fwa. Tanpri, mande zanmi Facebook nou ak tout lòt zanmi epi zanmi zanmi nou, eks., pou yo vote epi pataje. Plis nou pataje, se plis lemonn ap konprann enpòtans Inisyativ la. Sa se eleksyon sou bon bò: pou tout timoun rive jwenn bonjan edikasyon san baryè. Kraze enjistis kote gwo zouzoun ap fòse timoun aprann nan yon lang ke yo pa pale, ak metòd ki fin demode. Kreyòl + bon zouti teknoloji + aprantisaj aktif bay ekselans + kreyativite nan syans, matematik ak tout lòt disiplin (franse ladan tou). Ayiti ka tounen yon Fenlann nan Karayib la.