“Imajinen yon nouvo Ayiti kote tout moun, finalman, kapab li ak ekri lang natif natal yo.”
– Michel DeGraff, Massachusetts Institute of Technology, Inisyativ MIT-Ayiti, Akademi Kreyòl Ayisyen

PRLog – June 17, 2015 – PORT AU PRINCE, Haiti
Se Dory Piccard Dickson ki ekri atik sa a ann angle, enpi se Mandaly Louis-Charles ki tradui li an kreyòl

Lè Mandaly Louis-Charles t ap grandi ann Ayiti, pwofesè lekòl, jeneralman, te konn fè tout klas yo an franse, yon lang ke pifò elèv pa janm abitye pale lakay yo. Se nan bat pa kè elèv yo te konn aprann ti mòso nan lang franse a. Toudabò, elèv yo memorize ABC lang franse a, lèfini elèv yo memorize mo yo, enpi fraz yo. Apre sa, timoun yo aprann ki sa mo yo vle di. Nan epòk sa a, klas yo pa t separe ak miray. Nan kèlkeswa nivo klas nou te ye a, nou te toujou ap tande timoun ki t ap resite alfabè a. Pa te gen chape pou nou. Alfabè franse a te nan wèl nou tout tan.

Nan lekòl la menm, timoun pa t gen dwa pale kreyòl. Se nan memwa zo bwa tèt yo ke yo te blije chache kèk grenn mo pou yo degaje yo pou pale franse, yon lang yo pa pale ni lakay yo, ni ak ti zanmi yo lè y ap jwe, ni okenn lòt kote nan kominote a. Pa mande Bondye yon pwofesè ta bare yon elèv ap pale kreyòl, lang natif natal li; se ale nan pinisyon tou dwat. Pafwa, pinisyon an konn byen rèd. Alèkile gen ti pwogrè ki fèt: ou kapab jwenn klas kreyòl nan pwogram lekòl yo. Men, kwak sa, yo anseye kreyòl la kòm yon matyè ki separe ak tout lòt yo. Akademi Kreyòl Ayisyen an, ki rive fonde an 2014, ap travay pou chanje sa. Y ape travay pou kore itilizasyon kreyòl nan tout sektè lasosyete. Men, pou kounye a, kominikasyon alekri gouvènman an ansanm ak lwa ak dekrè, se an franse sèlman ke prèske tout dokiman sa yo pibliye .

Mandaly Louis-Charles, yon fanm vanyan k ap milite pou lang kreyòl la, te kolabore ansanm ak animatè Robert Capria, mizisyen Bémol Telfort, enpi pwofesè lengwistik nan Massachusetts Institute of Technology (MIT), Michel DeGraff, pou pwodui yon videyo edikasyonèl pou entwodui premye chante sou alfabè kreyòl la.

Louis-Charles ak DeGraff te kolabore ansanm pou yo ekri pawòl yo. Louis-Charles te kreye melodi a, enpi li chante chante a ansanm ak amoni yo. Telfort te jwe tanbou e bat kata tou pou akonpaniman mizik la te konplè.

Sa se premye chante ak videyo ki fèt sou alfabè kreyòl ayisyen an. Pou entèpretasyon règ òtograf kreyòl la, ekip la te chwazi imaj avèk pawòl ke tout Aysisyen, granmoun kon timoun, konnen byen. Yo te marye bèl rit tanbou ak melodi a, bèl rit ki chita byen fon nan kilti nasyon Ayisyen an depi nan nesans li.

“Chante sa a gen rasin ki antre fon nan bèl tradisyon ki nan nannan kilti nou. Li va bay timoun yo yon grap plezi, e li va ba yo anpil angouman pou yo aprann li, ak kè kontan, nan lang natif natal yo.”

Tit chante a se Alfabè kreyòl nimewo 1. Nenpòt moun kapab telechaje li pou granmesi nan adrès YouTube sa a: https://youtu.be/6F6yK1HOhWI

E si yo ta enterese chante chante a tou, yo va jwenn pati mizik la ansanm ak akonpaniman san vwa nan CD Baby, iTunes, Amazon, Google Play, ak Gracenote MusicID. Si gen kèk mizisyen ki enterese nan sòlfèj mizik la, yo va jwenn li nan sit sa a: sweetcoconuts.blogspot.com nan mwa k ap vini yo, pandan ete 2015 lan.

Ekip la pa te sèlman kreye yon sèl videyo. Yo te kreye yon dezyèm chante ki entèprete prensip fondamantal òtograf kreyòl la. Dezyèm chante sa a rele Alfabè kreyòl nimewo 2. Ou kapab wè yon ti apèsi chante sa a nan YouTube, nan adrès sa a: https://youtu.be/dW5LaUJ337U

Enpi ou va jwenn tou de (2) chante yo konplè nan sit sa a: https://vimeo.com/ondemand/thecreolealphabet

Mandaly Louis-Charles di kon sa: “Mwen espere tout moun va gen anpil plezi pou aprann sistèm òtograf kreyòl la pandan y ap chante.”

Kontinye li dokiman sa a nan sit sila a: http://sweetcoconuts.blogspot.com/2015/06/yon-nouvo-zouti…